• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY DFB-Pokal

DFB-Pokal

Leverkusen pran dezyèm twofe l pou sezon an

sous: GolAyiti/imaj

25 me 2024   Benswilkenson Jean   450

Bayer Leverkusen sakre chanpyon Koup Almay la jodi samdi 25 me 2024 la kont ekip Kaiserslautern lan sou yon kout viktwa 0-1.



Sou 53 match ekip Xabi Alonso an jwe pou sezon sa yo arive pran 2 sou 3 tit yo te genyen posiblite pran pandan sezon 2023-2024 la. Aprè 53 match sa yo, klèb Bayer Leverkusen lan pèdi yon sèl match pou sezon an (final Europa League kont Atalanta), yo fè 9 match nil.



Malgre ekip Xabi Alonso an te fini match la ak 10 jwè (2katon jòn Kossounou), yo fè double pou sezon an avèk Bundesliga epi Koup Almay la.



Bayer Levekusen vini 6èm klèb selon Be Soccer ki fè double nan chanpyona alman an aprè FC Schalke 04, Bayern Munich, Borussia Dortmund, Werder Brême ak Cologne.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )