• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Lòt Koze

Lòt Koze

Jamal Musiala deside lap jwe pou Almay olye l kontinye ak Angletè

sous: GolAyiti/imaj

24 Fevriye 2021   Schmidt Jean   1267

Jamal Musiala te fè pale anpil nan laprès yè aprè l i te fin make dezyèm gòl ekip Bayern Munich la kont Lazio nan kad 1/8 de final ale Ligue des Champions an. A 17 an 363 jou, li vini pi jèn jwè ki fè gòl pou Bayern nan Ligues des Champions an epi dezyèm pi jèn jwè aprè Bojan Krkić (17 tan 217jou) ki fè gòl nan faz eliminasyon dirèk nan LdC a. Ebyen maten an ankò, li fè pale de li nan tout jounal aprè gwo desizyon li pran an.



Musiala deside pou l jwe pou Almay pito. Jwè a te fèt 26 fevriye 2003 nan vil Stuttgart an Almay, men li te kòmanse karyè foutbòl li an Angletè nan ekip jèn Southampton epi kontinye nan pa Chelsea a. Manman li se alman papa l se anglè. Li te deja jwe kategori jèn (U15, U16, U17) epi li te patisipe nan kan antrènman U21 pou Angletè. Li te menm jwe ak brasa kapitèn U17 Angletè a nan yon match kont Alman yo an 2019. Li te jwe U17 pou alman yo tou.



Akoz pwogrè Jamal Musiala nan Bayern Munich, ni antrenè Almay la, Joachim Löw ni antrenè Angletè a, Gareth Southgate tap fè l zye dou. Pandan Southgate tap ankouraje jwè a rete nan U21 Angletè a pou li kontinye pwogrese avan li jwenn gwo ekip la, Löw li menm te deja asire l pòt Almay ouvè byen gran pou li, balon an nan pye l.




Bayern Munich te pran Musiala nan men Chelsea an Jiyè 2019 pou fin fòme l nan akademi yo a. Li deja patisipe nan 16 match Bundesliga sezon sa epi make 3 gòl. Se pral yon bon opsyon pou Joachim Löw ki vle rajeni ekip Almay lan. Dayè li fè konnen lap seleksyone l pou match nan mwa Mas yo kap vini an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte