• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Melchie Dumornay nomine pou pri "Meilleure Espoir D1 Arkema" a

sous: GolAyiti/imaj

30 Avril 2024   Jacky Chéry   10011

Entènasyonal ayisyèn Melchie Dumornay ki pa sispann fè pale de li sezon sa, nomine pou pri Meilleure Espoir D1 Arkema 2024 la.



Jèn Grenadye an ki poko ranpòte pri sa depi l ap evolye nan D1 Arkema a, nomine yon lòt fwa nan Trophée UNFP k ap fèt sezon sa nan kategori Meilleure Espoir.



Corventina ki nan kous la avèk koyekipye l nan Olympique Lyonnais Vicky Becho, jwez Paris Saint-Germain Albert ak Samoura, epi jwez Paris FC an Ribadeira, pati kòm gran favori an.



Melchie ki pase anviwon twa mwa blese, genyen nan estatistik li pou sezon an 5 gòl, 4 pas desizif pou 11 match li jwe, ladan yo 7 kòm titilè.



Sou lyen sa nou kapab vote pou entènasyonal ayisyèn lan


https://www.tropheesunfp.com/. Seremoni pou remèt pri yo ap fèt 14 me k ap vini la

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou