• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Lòt Koze

Lòt Koze

Frè Luckson "Zòn Pa Fè Moun" mete avni foutbòl ayisyen an nan lari

sous: GolAyiti/imaj

21 fevriye 2024   Benswilkenson Jean   17473

Atis evajanlik Fr Luckson Jean ki genyen ti non Fr Luckson Zòn Pa Fè Moun, fè gran antre l nan koze foutbòl la ak fondasyon li an ki genyen sou responsablite l plizyè timoun ki te nan lari.


Malgre Bandi te atake kan kote timoun yo te ye nan Kwadèboukè a, atis evanjelik la Fr Luckson pa deside kanpe sou misyon prensipal li bay tèt li nan zafè ede timoun ki nan lari yo.


Fwa sa a Fr Luckson ki kwè nan mete pi douvan talan divès jèn ki te nan lari a ki kounya nan fondasyon li an, mete kanpe yon klèb foutbòl.


Klèb sila a ki fè premye antrènman l nan week-end 16-18 fevriye 2024 a pote non "Zòn Pa Fè Moun FC". Nouvo ekip sa ki genyen kòm prezidan figi anblematik fondasyon an Fr Luckson Jean vle mete pi douvan pwodiksyon epi ankadreman divès timoun ki te meprize nan lari kapital ak divès lòt kote.


" Si nou te chèche talan nan lari a, nou t ap patisipe nan divès Koup Dimond deja" pawòl Fr Luckson.


Nan klèb Sila a Fr Luckson tou montre premye timoun li te retire nan lari a nan lane 2020.


" Jou Ayiti pral nan koup Dimond fòk genyen plizyè timoun ki sot nan lari a" tèks ki ekri sou paj rezo fondasyon Zòn Pa fè Moun.

KÒMANTÈ

Valliere Pierre Maxon / 23 fev 2024, 6:31 AM

Se Yon bel inisyativ louab mw swete frè Lucson du kouraj paske travay wap fè a pa gen pri


Jackson Duvelsaint / 23 fev 2024, 11:05 AM

Bon travay frè pam


Rosicky Jean Idens Eriné / 23 fev 2024, 9:46 PM

Peyi a bezwen anpil lòt moun tankou Fr luckson Pou nou arive sòti nan sa nou ye la paske mwen panse bandi sa yo ki genyen kounya lè yo te nan lari a si yo te jwenn yon nonm tankou Fr luckson pase men pran yo jounen jodia peyi a pa tap nan koze sa bon travay Fr luckson mwen swete bondye fèw wè plus ane toujou pouw kontinye fè byen kamarad



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou