• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal: Daprè Patrice Dumont, Manno Sanon pa make sèlman 46 gòl pou Ayiti

sous: GolAyiti/imaj

27 jen 2023   Steve Pierre   4957

Nan yon piblikasyon li fè sou kont ofisyèl Facebook li, jounalis la, Patrice Dumont, bay detay sou konbyen gòl lejann foutbòl ayisyen an, Emmanuel "Manno" Sanon, make sou koulè mayo seleksyon Ayiti a.



Depi anpil deseni, laprès nasyonal kou entènasyonal toujou releye enfòmasyon se Manno Sanon ki meyè bitè tou istwa seleksyon foutbòl Ayiti a. Ansyen Grenadye sa ki te fè bonè Ayiti nan lane 70 ak 80 yo te pote koulè mayo seleksyon an 100 fwa e li te fè 46 gòl, selon sa chif ofisyèl yo bay.



Men, jodi 27 jen 2023 a, Patrice Dumont, ansyen jounalis selèb Radio Ibo a, ansyen senatè tou, yon moun ki pwòch koze foutbòl anpil Ayiti e pou kèk moun mesye sa ye yon bwat achiv. Nan yon pòs li fè sou paj Facebook li simen anpil dout sou koze Manno Sanon te fè 46 gòl pou seleksyon an, selon li menm Manno te fè plis.



Selon Patrice, se liv "Haïti à Munich" lan ki te sòti nan lane 1994 ki pale de 46 gòl. Liv la konsidere peryòd 1971 a 1974 la pou li te di sa. Aprè peryòd sa, Sanon te kontinye jwe pou seleksyon an e li te kontinye fè gòl.



Nan pòs la ansyen senatè a di : 《31 jiyè 1976, Manno te fè 2 gòl kont Kiraso nan premye match preliminè eliminatwa Koup Dimond 1978 la. 14 dawout 1976, nan match retou a, nan Estad la ki te fini (7-0), Manno fè 2 lòt gòl: sa fè li 4 anplis. 》



Anplis de 4 gòl sa yo, Lejann ayisyen an ta pral fè 3 lòt gòl ankò. An 1976, 2 kont Kiba nan eliminatwa Koup Dimond 1978 yo epi lòt la nan lane 1977 kont Salvadò. Sa fè yon total 7 lòt gòl ankò ajoute sou 46 yo sa bay 53 gòl Manno Sanon make pou Ayiti, selon sa Patrice Dumont eksplike.



Èske kantite gòl Manno Sanon make pou Ayiti ap rete yon mistè? Lè n konsidere Wikipédia li menm di se 37 gòl li make. Èske FHF pa gen achiv? Pou li te ka bay repons lan egzat.

KÒMANTÈ

Rood / 27 jen 2023, 6:20 PM

Mw pnse federation tadwe bay yon not pi ekilibre manno tunen pele



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )