• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Seleksyon ayisyèn fanm lan sòti lis ofisyèl li pou baraj Gold Cup 2024 la



7 Fevriye 2024   Jacky Chéry   12328

Byen ta nan lannwit 6 fevriye a, Federasyon ayisyèn foutbòl pibliye lis jwez k ap gen pou al reprezante seleksyon nasyonal la nan peyi Etazini pou premye edisyon Gold Cup fanm lan.



Federasyon an pibliye lis 23 jwez li kenbe nan prelis 47 ki te nan men Concacaf depi semèn pase a kote yo pral gen pou kòmanse preparasyon yo nan semèn sa menm abvan match Pòtoriko k ap jwe 17 fevriye.



Yon lis ki gen ladan l plizyè nouvo jwez tankou Laurie Ann Moïse, Roxane Vilain, Karine Vilain, Anyssa Ibrahim, epi Jasmine Vilgrain ki retounen, pral rankontre ak kad seleksyon an ki reponn prezan tou.



N ap raple, gran absan nan lis sa Roselore Borgella ki se youn nan manm enpòtan ekip sa, epi Milan Pierre Gérôme ak Noa Ganthier. Jwez tankou Corventina, Tabita Joseph, Jennifer Limage ak Claire Constant pa la paske yo blese.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou