• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MondyalKoup KonfederasyonMondyal ClubLòt Koze
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Zlatan Ibrahimović : yon God awogan ki demontre imilite

sous: GolAyiti/imaj

Schmidt Jean   713

Tankou nou te anonse sa nan semèn ki sot pase yo, Zlatan Ibrahimović retounen nan seleksyon nasyonal Lasyèd la anviwon apre li fin pase senk (5) an nan retrèt. Se te yon retou fanatik foutbòl yo te ka santi nan wout ap vini paske omwen twa fwa pandan sezon an kòmanse a jwè a te pale ak antrenè ekip la. Kontak sa yo te kòmanse fè pale anpil sitou akoz bèl fòm Ibrahimović te genyen nan kòmansman sezon an, 12 gòl 1 pas gòl nan 7 premye match li yo.



Madi 16 Mas pase a, ak awogans nan fason pa li, Zlatan te anonse li retounen nan ekip nasyonal Syèd la: "The return of the God @svenskfotboll" sou Twitter. Nan menm jou a non li te nan lis jwè Janne Andersson, antrenè Syèd la, te mete deyò pou al afwonte Jòji ak Kosovo nan eliminatwa Mondyal 2022 a epi Estoni nan match amikal.



Pou retou li nan seleksyon an, Ibra te fè santi prezans li nan viktwa tou kout (1-0) Syèd te fè sou Jòji a yè aprèmidi. Se Zlatan ki te bay Viktor Claesson pas gòl la nan 35yèm minit match la.



Anpil moun te atann Ibrahimović ta pral kapitèn ekip la. Non, se pa sa te nou wè. Annefè, Gazzeta dello Sport, yon jounal Italyen, repòte Zlatan te refize brasa kapitèn ekip la. Granqvist, ap toujou rete kapitèn. Ibrahimović te refize pran nimewo 10 ekip la Emil Forsberg te ofri li. Li te jwe ak nimewo 11, nimewo sa te pou jèn (21an) atakan Real Sociedad la ki limenm te ofri Ibra apre l te refize 10 Forsberg la.



Jès sa yo montre yon lòt fasèt lakay jwè a ki toujou pran tèt li pou yon pakèt afè. Petèt se yon fason tou pou retire presyon sou do li pou dènye fwa li te jwe ak nimewo 10 epi kapitèn ekip Lasyèd la. Li te fè jibile li apre eliminasyon ekip Syèd la devan Bèljik, yon match yo te pèdi 1-0 nan twazyèm match poul Euro2016 la nan peyi Lafrans. Respè pou imilite "God" la.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou