• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Champions League

Champions League

2 jwè Real te di Ancelotti pa chwazi yo nan chout penal la

sous: GolAyiti/imaj

18 avril 2024   Benswilkenson Jean   17781

Real Madrid rive separe l ak Manchester City nan dènye seyans pou rive pataje 2 ekip na yon match kalifikasyon ki se penalite. Aprè 120 minit boul anpil fatig te parèt vizib bò kote divès jwè madrilèn sou tèren an.



Rive nan chout penalite aprè yon 120 minit (1-1), divès jwè genyen responsablite pou bay ekip yo yon avans pou jwenn kalifikasyon an.



Anvan seyans lan, gen 2 jwè madrilèn ki chwazi di estaf la yo pa prè pou choute penal. Valverde ak Militaõ se 2 jwè ki te fè demand sa.



Mitan tèren irigweyen an ki te jwe tout match la pa t santi li gen ase kapasite akoz gwo fatig pou tire penal pou ekip madrilèn lan. Yon lòt bò Militaõ ki te monte nan fen match nan plas Dani Carvajal pa t santi li te an konfyans ase pou li te choute akoz Ederson ki konnen li trè byen akoz seleksyon nasyonal lan. 2 jwè sila yo te finalman di antrenè yo pa mete yo nan lis 5 jwè k ap choute yo. Yon desizyon estaf la te dakò sou li epi ranplase yo pa 2 lòt jwè.



Finalman Real Madrid genyen Manchester City 4-3 nan seyans penalite.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou