• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Champions League

Champions League

Poukisa De Bruyne pa jwe fas Real?

sous: GolAyiti/imaj

09 Avril 2024   Benswilkenson Jean   11348

Match tout moun t ap tann lan jwe. Yon match ki fini 3-3, yon match gason pa kanpe ant 2 ekip yo.



Gwo sipriz ki te genyen nan match sa se mitan tèren bèlj la De Bruyne ki pa t titilè e pa t gen chans antre nan match la.



Antrenè Citizens yo Pep Guardiola te reponn sou absans De Bruyne lan aprè match la. Selon pwofesè espanyòl la, mitan tèren bèlj la pa t byen anvan match la.



"Nou te fè yon reyinyon, li te prè men lè nou vin rive nan vestyè a, li te kòmanse ap vomi epi l di li pa prè aprè yon doulè li santi nan lestomak li" deklarasyon Guardiola sou absans Kevin Debruyne lan fas Real nan match ale 1/4 final Champions League la.


KÒMANTÈ

Dalensky / 10 avr 2024, 8:43 PM

Pou


Ralph wood / 11 avr 2024, 8:00 AM

Pep Guardiola pa respekte Real Madrid De Bruyne pat gen anyen vrai Guardiola te anvi bat Real Madrid san De Bruyne e san chanjman foden ou wè ki desann nan se psk li blese pep Guardiola se pi gro coach mw Konnen ???



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou