• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Europa League

Europa League

Ajax Amsterdam pran nan pyèj tyèk yo nan dezyèm sòti yo

sous: GolAyiti/imaj

03 oktòb 2024   Neuvième Junior   232

An deplasman nan Eden Aréna lakay Slavia Prague jodia, Ajax Amsterdam al konnen yon nil (1-1) nan dezyèm jounen Ewopalig la.



Opoze ak premye nan chanpyona tyèk la, Ajax te genyen pou misyon fè dezyèm viktwa l nan 2èm match konpetisyon an. Pou sa, depi nan 18èm minit, fòmasyon Wolandè a ki te genyen kontwòl balon an te benefisye yon penalite. B. van den Boomen te pran responsablite l epi transfòme penalite a pou te bay avantaj la ak klèb li (0-1). Pou reyaji, klèb Slavia te tann dezyèm peryòd la pou sezi egalizasyon an ak Chorý 67èm minit, (1-1) ant 2 ekip yo.



Deja ak 3 pwen, klèb 4 fwa Lig Dè Chanpyon an pataje pwen rankont lan ak Slavia Prague ki genyen 4 pwen nan 10èm plas la konsa tou, li menm bò kote pa l vin pase ak 4 pwen nan 6èm plas la aprè 2 jounen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )