• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Copa LibertadoresCopa AmericaCopa SudamericanaLòt Koze
AKÈY CONMEBOL CopaAmerica

Copa America 2024

Ajantin, chanpyon dènye edisyon an, jwenn biyè kalifikasyon l pou kadefinal Copa America a


26 jen 2024   Neuvième Junior   351

Nan East Rutherford nan lakou Etazini, devan yon foul moun ki te prezan nan estad MetLife Stadium lan ki genyen 82.000 plas. Seleksyon Ajantin lan te pran anpil tan anvan yo te resi domine yon advèsè ki te vrèman difisil. Men gras ak yon piblik ki pa t sispann fè bri pou ankouraje jwè yo, ekip la rive chavire advèsè a (1-0).



Aprè anpil soufrans, gòl ki sove ekip la vini jis nan 88èm minit. Sou yon kònè Lionel Messi te choute, jwè Chili yo te repouse balon an. Men, atakan Inter Milan Lautaro Martinez te jwenn rebon an pou souke filè chilyen yo.



Avèk 6 pwen nan 2 match, Ajantin twouve l nan tèt gwoup A e asire plas li nan kadefinal la anvan 3èm jounen an kote li ap genyen pou li afwonte Pewou.



Kanada okipe 2èm plas nan gwoup A a ak 3 pwen aprè viktwa yo sou pewouvyen yo (1-0). Ant Ajantin ak Chili, se 11 match 6 viktwa pou ajanten yo, 3 nil epi 2 defèt.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou