• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Copa LibertadoresCopa AmericaCopa SudamericanaLòt Koze
AKÈY CONMEBOL CopaAmerica

Copa America 2024

Copa America : Venezyela kalifye pou kadefinal


27 Jen 2024   Jacky Chéry   358

Gras ak viktwa 1-0 ayè mèkredi an kont seleksyon meksikèn lan, Venezyela jwenn kalifikasyon l pou kadefinal Copa America 2024 la.



Aprè Ajantin, Vino Tinto an vini dezyèm ekip ki kalifye pou kadefinal Copa America a k ap dewoule nan peyi Etazini. Venezyela anrejistre yon dezyèm viktwa nan konpetisyon an.



Gras ak kapitèn ekip la Salomon Rondon sou penalite (57èm minit) nan Sofi Stadium lan, seleksyon venezyelyèn fè viktwa sa ki tou pèmèt li kalifye pou dezyèm tou Copa America a.



N ap note, seleksyon meksikèn lan te genyen posiblite pou egalize nan match la kote Orbelin Pineda ta pral rate yon penalite nan 87èm minit. Yon balon gadyen venezyelyen an, Rafael Romo, ta pral kenbe.



Vino Tinto yo kreye sipriz 48èm edisyon Copa America a avèk kalifikasyon sa kote yo menm genyen posibilite fini nan premye plas gwoup B an devan Ekwatè ak Meksik.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou