• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Copa LibertadoresCopa AmericaCopa SudamericanaLòt Koze
AKÈY CONMEBOL CopaAmerica

Copa America 2024

Men kòman sa ye pou Brezil nan *Istwa Copa America*


24 jen 2024   Neuvième Junior   176

Nan fen 19èm syèk la, foutbòl la te kòmanse nan peyi Brezil. Pou foutbòl la te kapab antre nan peyi sa, se ekspatriye anglè a Charles William Miller ki te vini ak sa nan São Paulo epi Thomas Donohue te fè sa nan vil Rio de Janeiro. Anba men pati blan yo, foutbòl la te devlope nan kòmansman 20èm syèk la.



Confederação Brasileira de Futebol se sou non sa tout moun konnen federasyon brezilyèn la nan langaj pòtigè a. li te kreye nan lane 1914 pou fè foutbòl la anvayi tout kote nan peyi Brezil.



Prezan pou Copa America 2024 la nan lakou Etazini, Brezil pran chanpyona Amerik la 9 fwa deja.



Pou listwa Copa America, Canarinho yo prezan 38 fwa, 430 gòl make yo pran 204. Sou 194 match jwe, se 108 viktwa pou Seleção yo 45 defèt e 41 nil. Brezilyen yo pran 9 tit nan Copa dènye a te nan lane 2019.



Brezil kont Irigwe te match ki dire plis tan, 150 minit antou. Lè sa, se te nan edisyon 1919 la. 90 minit tan reglemantè plis 2 pwolongasyon ki te dire 30 minit yo chak. Sa rete match ki pi long nan istwa konpetisyon sa.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou