• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Copa LibertadoresCopa AmericaCopa SudamericanaLòt Koze
AKÈY CONMEBOL CopaAmerica

Copa America 2024

Seleksyon Ajantin lan rann Angel Di Maria yon gran omaj


6 Septanm 2024   Jacky Chéry   421

Atakan ajanten Benfica Lisbonne lan ki mete fen nan karyè entènasyonal li aprè Copa America a resevwa yon gran omaj ayè jedi an anvan match Albiceleste yo fas Chili.



Fideo a ki konnen yon gwo pasaj nan seleksyon Ajantin lan kote l genyen yon mondyal ak 2 Copa America, viv yon sware avèk anpil emosyon nan Monumental la kote Albiceleste an t ap resevwa ekip Chili an.



Angel Di Maria, 36 lane, te rantre sou tèren an ansanm avèk madanm li epi 2 pitit fi li yo, pandan tout stad lan t ap bat bravo pou li. Atakan Benfica a kite seleksyon an aprè 145 match pou 31 gòl sou koulè Albiceleste an.



« Mwen te genyen chans jwe avèk plizyè jenerasyon, genyen anpil gran jwè bò kote m. Nou pa t gen chans reyalize anyen pandan lane sa yo, men rive genyen jodia avèk ti mesye sa yo ki la pandan moman sa. Se pou sa m pa vle bliye sila yo ki pase isi an e ki aprann mwen kontinye batay, fè tout sa k depann de mwen pou m te ka kontinye la », pawòl Fideo an ki pa t ka kenbe dlo nan je l.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )