• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Antrenè Inter Miami an anonse Messi ap tounen aprè defèt Inter Miami kont Atlanta United

sous: GolAyiti/imaj

17 septanm 2023   Gamarck Antoine   1961

San Messi ak Jordi Alba, Inter Miami konnen premye defèt li sou 12 match nan tout konpetisyon an, samdi 16 septanm nan Atlanta United bat Inter Miami 5-2 nan 29èm jounen MLS la, Messi ap soufri de yon fatig miskilè.




Antrenè Inter Miami an Gerardo Martino deklare samdi a Messi ap soufri de yon fatig miskilè, e li p ap pran lontan pou li retounen aprè premye defèt ekip la depi lè li rive.Tata ale pi lwen pou li di mwen pa t vle fè enpridans se sa k fè l pa t mete l jwe.



Ansyen antrenè Barcelone ak seleksyon Meksik la di l ap konsantre l sou preparasyon ekip la pou final US Open Cup la ki ap jwe 27 septanm, Inter Miami ap gen pou jwe ak Houston, se posiblite tou pou inter Miami ranpòte dezyèm twonfe l pou sezon an, " yo ap antrenè dimanch, n ap gade jou aprè jou ,anyen p ap chanje vizyon nou nan fason Messi pral antrene, nou pa prese, si l fè mye li ap jwe si se kontrè tou li ap tann kèk jou toujou" deklarasyon antrenè ajanten an Tata Martino.



Defèt kont Atlanta se premye defèt ekip la depi 12 match, depi aprè Messi, Alba, Bousquet rive nan ekip la mwa jiyè ki sot pase a. Yon defèt ki konplike tach la pou floridyen yo fè pati 8 premye yo nan konferans ès la.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte