• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Inter Miami bat dènye ekip chanpyon MLS la

sous: GolAyiti/imaj

4 septanm 2024   Gamarck Antoine   1660

Depi lè Lionel Messi rive sou bout tè Florid la, Inter Miami pran yon lòt fòm, gras ak 3 ansyen jwè ekip FC Barcelone nan, Messi, Jordi Alba ak Sergio Busquets. Nan aswè dimanch 3 septanm nan, 3 mesye sa yo te briye sou teren Los Angeles la, chanpyon an tit yo pèdi 3-1 , match sa konte pou 28èm jounen MLS la.




Ekip Inter Miami an pa t janm konnen yon viktwa nan 11 dènye match li te jwe avan Messi te vini nan ekip la, Messi vini tout bagay chanje, Inter Miami rete sou 11 match san li pa pèdi.



Premye gòl Inter Miami an te 100 % ajanten, Tomas Aviles te siyen yon pas pou ajanten parèy li Farias nan 14èm minit li te rive jwenn 1-0 a. Jordi Alba Make premye gòl li nan MLS la aprè Messi te fè yon pas pou li e li te bay gòl 2-0 a , Messi te bay dezyèm pas desizif li nan match la nan 83èm minit se Campana ki te make 3-0 a, ekip Los Angeles la te redwi eka a nan 90èm minit 3-1.



Pou kounya Inter Miami okipe 14èm plas la toujou nan konferans ès la men eka pwen yo vrèman redwi anplis de match an reta yo genyen, pwochen match yo se pral samdi 9 septanm lakay inter Miami kont ekip Sporting Kansa.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte