• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Inter Miami fè yon lòt viktwa san Messi

sous: GolAyiti/imaj

20 jen 2024   Gamarck Antoine   736

Nan okazyon 20èm jounen MLS la Inter Miami te resevwa ekip Colombus crew la nan estad Lockhart Stadium mèkredi 19 jen 2024 la, Inter Miami bat 2-1, entènasyonal ayisyen an Shanider Borgelin te rantre nan match la nan 76èm minit.



Ekip Inter Miami an te ouvè eskò a nan 10èm minit, se jamayiken Ian Fray ki te fè gòl la, nan 21èm minit Campana te jwenn gòl 2-0 a, ekip Colombus crew la te fè gòl nan 40èm minit, se ak eskò 2-1 ekip yo te rantre nan vestyè.



Aprè poz la, ekip Colombus la te mete pye sou boul la men sa pa t chanje anyen nan eskò match la, entènasyonal ayisyen an Borgelin te ranplase Robert Taylor nan 76èm minit, aprè viktwa sa Inter Miami kenbe tèt klasman ès la ak 41 pwen, n ap raple Inter Miami pa t genyen prezans Messi ak Suarez akoz prezans yo nan Copa America a.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte