• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Inter Miami genyen, Messi bay gwo kè sote avan final la

sous: GolAyiti/imaj

21 septanm 2023   Gamarck Antoine   1422

30èm jounen MLS la kòmanse jwe mèkredi 20 septanm 2023 a, Inter Miami te jwe ak ekip Toronto FC a. Inter Miami maspimen Toronto 4-0. malgre viktwa a inter Miami konnen yon gou amè, malerezman Lionel Messi sòti nan match la depi nan 37èm minit Jordi Alba sòti blese tou.



Inter Miami te jwenn premye gòl li nan 45èm minit gras ak Facundo Farias, aprè gadyen Toronto a , Tomas Romero te bokse yon balon nan direksyon kote l te ye a , san ezite Farias mete chout la , menm moman 1-0 a rive.



Malgre inter Miami pèdi de vedèt, sa pa t ralanti l sou match la, Robert Taylor ki te rantre nan plas Messi te fin fè travay la, li te fè de gòl nan dezyèm peryòd la, e li te bay Benjamin Cremaschi Yon pas desizif nan 73èm minit.



Messi te kite teren an nan 37èm minit, enfòmasyon ki ap sikile fè kwè sa ta yon pwoblèm nan janm, n ap fè konenn Messi te rate de dènye match li yo, youn ak seleksyon Ajantin nan lòt match la se te ak ekip Inter Miami an. Aprè defèt ekip Inter Miami an fas ak Atlanta United wikenn pase Tata Martino te fè konen Messi t ap soufri de yon fatig miskilè.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte