• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Inter Miami konnen yon viktwa nan 29èm jounen MLS la

sous: GolAyiti/imaj

31 dawout 2024   Gamarck Antoine   428


Nan okazyon 29èm jounen MLS la Inter Miami te deplase pou afwonte Chicago Fire nan estad Soldier Field samdi 31 dawout la, Inter Miami bat 4-1 Luiz Suarez fè de (2) gòl.



Ekip Chicago Fire a te bay tèt li gòl nan 25èm minit se Tobias ki te bay tèt li gòl, yon minit aprè poz la, Luiz Suarez te fè gòl 2-0 a, 65èm minit Alba te sèvi Suarez pou fè 3-0 a Chicago Fire te redwi eka nan 82èm minit, Robert Taylor te fèmen eskò a nan 90+3 .



Aprè viktwa sa Inter Miami domine tèt klasman ès la ak 59 pwen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte