• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Inter Miami kontinye kenbe tèt klasman an malgre absans Messi

sous: GolAyiti/imaj

30 jen 2024   Gamarck Antoine   414

Nan kad 22èm jounen MLS la Inter Miami te deplase pou jwe ak ekip Nashville la nan estad Geodis Park aswè 29 jen 2024 la, Inter Miami bat 2-1 Alba se youn nan bitè ekip la.



Pou yon 3èm fwa san prezans Messi ekip Inter Miami an mete devwa l pwòp, Ian Fray te ouvè eskò a nan 40èm minit, Jordi Alba te fè dezyèm gòl la nan 44èm minit sa ki te pèmèt ekip inter Miami an rantre nan vestyè a ak avantaj 2-0.



Aprè poz la, ekip Nashville lan te chanje konpòtman nan 71èm minit li te redwi eka 2-1 Ak Mukhar ki te make sou penal, eskò a rete konsa jouk match la fini sa ki bay ekip inter Miami an viktwa e pèmèt li pi byen chita nan tèt klasman an ak 44 pwen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou