• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Inter Miami ranpòte premye twofe li depi lè li kreye

sous: GolAyiti/imaj

21 dawout 2023   Gammark Antoine   1982

Inter Miami te twouve l fas pou fas ak ekip Nashville la ayè samdi 19 dawout 2023 a nan kad Final League Cup la , match la fini 1-1, Inter de Miami pran tit la nan seyans penal.



Se ekip Inter Miami a ki te ouvè eskò anvan gras ak ajanten an Leonel Andres Messi ki te mete yon bèl frap nan 23èm minit e te pèmèt floridyen yo mennen 1-0. Nan dezyèm peryòd la entènasyonal ayisyen an Fafa Picault te kreyr aksyon ki pèmèt ekip Nashville la egalize sou yon otogòl.



De ekip yo pa t rive pran avantaj eskò a aprè egalizasyon an, yo te oblije pran chimen seyans penal, Se Messi ki te ouvè seyans penal la e li te reyisi, ansyen Koyekipye l nan ekip Barcelone nan Sergio Busquets te choute e li te reyisi.



apre yon jwè nan chak ekip te fin rate, se te tou pa 2 gadyen yo, penalite gadyen inter Miami an ki se Drake te reyisi alòske Elliott Panicco ki se gadyen ekip Nashville la te rate penal pa l la sa ki te tou ofri tit la ak Inter Miami.



League Cup la se premye konpetisyon ajanten an ranpòte ak nouvo klèb li epi se premye konpetisyon ekip Inter Miami an ranpòte depi 3 lane egzistans li.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte