• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Inter Miami rate okazyon pou li te monte pi wo nan klasman

sous: GolAyiti/imaj

01 oktòb 2023   Gamarck Antoine   1646

Nan 32èm jounen MLS la inter Miami te resevwa New Mexico samdi 30 septanm nan, Inter Miami ki pa t gen prezans Messi ni Alba, manke koule aprè New York City t ap mennen 1-0, Inter Miami te tann tan adisyonèl pou egalize.




Yon ekip Inter Miami ki te domine anpil, li genyen 65 pousan posesyon balon an 35 pousan pou ekip New York City a, malgre dominasyon an Inter Miami te pran gòl nan 77èm minit, li te kontinye pouse e jwenn egalizasyon nan 90+5 minit.



Se yon match nil ki koute chè ak ekip Inter Miami an paske si li te fè viktwa li pa t ap fè pati 3 dènye nan klasman ès la, inter Miami 13èm sou 15 ekip, si l bezwen gen chans kalifye pou pleyòf li dwe fè pati 9 premye ekip yo.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte