• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Kisa tit Inter Miami ranpòte yèswa a ye?

sous: GolAyiti/imaj

3 oktòb 2024   Gamarck Antoine   743

Inter Miami te deplase pou jwè kont ekip Colombus crew la nan estad Lower.com Field aswè madi (2) oktòb la, match konte pou 35èm jounen MLS la, Inter Miami bat 3-2 , Messi fè de (2) gòl, aprè viktwa Inter Miami tou ranpòte supporters shield la.



Supporters' Shield se yon twofe ki bay chak ane ak ekip ki fini ak pi plis pwen nan sezon regilye MLS la, se yon tit òganizatè Lig la pa rekonèt, se fanatik yo ki bay li, twofe sa te kreye nan lane 1999 pou te rekonpanse ekip Galaxy de Los Angeles la ki te fini a plis pwen nan sezon regilye nan sezon 1998 la. Fanatik yo te retounen nan pase ak tit sa pou te bay li a pati de 1996 , kidonk ekip ki te fini a plis pwen a pati ane 1996 genyen tit sa.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte