• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Malgre prezans Messi ekip Inter Miami pa t ka anpeche ekip Charlotte la al jwe pleyòf MLS

sous: GolAyiti/imaj

22 oktòb 2023   Gamarck Antoine   1786

Samdi 21 oktòb 2023, Inter Miami te an deplasman lakay ekip Charlotte FC a pou diskite 35èm jounen chanpyona MLS la, Charlotte bat Inter Miami 1-0, gras ak viktwa sa ekip Charlotte la rive kalifye pou pleyòf.



Ekip Inter Miami a te deja konnen li pa t ap jwe pwochen faz konpetisyon MLS la, ekip Charlotte la te konnen sèl chans li genyen pou li te kalifye pou pleyòf se bat ekip Inter Miami an, men fòk ekip CF Montréal la te pèdi.



Sa pase jan ekip Charlotte FC a te bezwen an, malgre Leo Messi te jwe tout match la pou ekip Inter Miami an Charlotte FC bat 1-0, yon gòl ki te fèt nan 13èm minit e kenbe avantaj match la jouk sa fini, yon lòt kote Colombus Crew bat CF Montréal 2-1 rezilta sa pèmèt ak ekip Charlotte la pase nan 9èm plas e kalifye pou baraj pleyòf, n ap raple Inter Miami fini nan 14èm e avan dènye plas nan klasman ès la a 34 pwen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte