• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Messi ak Inter Miami mete baton sou Danley jean jacques ak Philadelphia Union

sous: GolAyiti/imaj

15 septanm 2024   Gamarck Antoine   393

Nan okazyon 31èm jounen MLS la, Inter Miami te resevwa ekip Philadelphia Union nan lannwit samdi 15 septanm nan estad Lockhart Stadium, Inter Miami bat 3-1 Messi fè de(2) gòl, Danley Jean Jacques te rantre nan fen match la.



Jan antrenè ajanten an te anonse sa nan konferans pou laprès entènasyonal ajanten an Lionel Messi retounen sou tèren aprè l fin pase de(2) mwa deyò teren, li te akonpanye Luis Suarez ak Diego Gomez nan atak la.



Ekip Philadelphia Union lan te ouvè eskò a nan 2èm minit se entènasyonal danwa Mikael Uhre ki te fè gòl la, Lionel Messi te bay yon repons nan 26èm minit pou mete match la 1-1, ajanten an te aktive konekyon l ak Jordi Alba nan 30èm minit pou bay ekip la avantaj 2-1 aprè Alba te ba l yon pas, Messi te bay Luis Suarez yon pas pou fè 3èm gòl la nan 90+8.



Danley jean jacques te rantre nan 82èm minit, apre defèt sa Philadelphia Union okipe 11èm plas klasman ès la al 11 pwen, Inter Miami nan tèt ploton an ak 62 pwen.



KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou