• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Messi dedouble sou ekip New England Revolution aprè l te bay Inter Miami de (2) gòl

sous: GolAyiti/imaj

20 oktòb 2024   Gamarck Antoine   162

Nan 34èm jounen MLS la Inter Miami te resevwa ekip New England Revolution nan Lockhart Stadium samdi 19 oktòb la, Inter Miami malmennen New England 6-2, aprè New England t ap mennen 2-0, Messi sot sou ban li fè 3 gòl.



Ekip New England Revolution an te ouvè eskò a nan 2èm minit jwèt la, nan 34èm minit 2-0 sou ekip Inter Miami an, Inter Miami te ba l repons lapoula ak Luis Suarez nan 40èm epi 43èm minit 2-2, eskò a tou rebalanse premye peryòd la fini 2-2.



Nan dezyèm peryòd la Messi te rantre nan jwèt se te nan 57èm minit , li ta pral fè ekip New England la peye sa l te fè nan premye peryòd la, Cremaschi fè gòl 3-2 a nan 58èm minit, Messi ki fè rès yo nan 78èm ,81èm epi 89èm minit , ajanten an fè 3 gòl pou mete match la 6-2.



Viktwa sa bay ekip Inter Miami an 74 pwen nan tèt klasman an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte