• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Messi fè gòl pou pèmèt Inter Miami fè yon match nil

sous: GolAyiti/imaj

29 septanm 2024   Gamarck Antoine   337

Nan okazyon 35èm jounen MLS la, Inter Miami te resevwa ekip charlotte FC a nan Lockhart Stadium samdi 28 septanm nan, match la fini yon gòl nan chak kan, Messi fè gòl pou Inter Miami.



Aprè yon premye peryòd ki fini 0-0, ekip charlotte FC a te ouvè eskò a nan 57èm minit, ekip Inter Miami an te reponn nan 67è minit ak Leo Messi pou egalize 1-1. Youn nan ekip yo pa t rive pran avantaj malgre Alba, Suarez, Bousquets, Messi te la pou Inter Miami.



Aprè match nil sa Inter Miami toujou nan tèt klasman an ak 65 pwen sa ki pa deranje l pou pleyòf

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte