• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Yon gwo Jordi Alba pèmèt Inter Miami sòti vivan

sous: GolAyiti/imaj

02 jen 2024   Gamarck Antoine   1492

Inter Miami te resevwa ekip St Louis City nan Lockhart Stadium samdi premye jen an pou te jwe 17èm jounen MLS la, match la fini 3 gòl nan chak kan, Inter Miami te jwenn prezans yon gwo Alba ki bay de pas gòl epi fè yon gòl pou te pèmèt ekip la rete vivan, Suarez fè gòl e li bay tèt li gòl.



Vizitè yo te ouvè eskò a nan 15èm minit aprè Celio Pepelu te bay Christ Durkin yon bon pas, li te pwofite mete yon chout deyò sifas la pou te pann gadyen Inter Miami an, Inter Miami te aji nan 25èm minit aprè yon jwèt kolektif ant Messi ak Alba e Messi te mete balon an nan filè pou bay 1-1 an. Ekip St Louis City a te fè dezyèm gòl li nan 41èm minit, 45+2 Alba sèvi Suarez pou mete match la 2-2.



Aprè poz mitan an, ekip inter Miami an te toujou ap fè jwèt la, ekip la te kontinye pase boul, nan 68èm minit sou yon kònè pou ekip St Louis City a boul la jwe nan tèt Suarez e li al dòmi nan filè Inter Miami, 3-2 Suarez bay tèt li gòl, Alba te jwenn 3-3 a nan 85èm minit aprè Julian Gressel te fè pas gòl la.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte