• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI Open Cup

U.S. Open Cup

Anpil dout sou eta sante Messi anvan final Open Cup la



27 septanm 2023   Gamarck Antoine   1513

Final Open Cup la ap jwe aswè a 27 septanm 2023 a 8è30, Inter Miami gen randevou ak ekip Houston Dynamo a, gen gwo enkyetid bò kote ekip Inter Miami an. Èske Messi ap prezan nan final la pou kapab ranpòte yon dezyèm koup ak ekip la? Tata Martino ap reponn pandan li montre dout li genyen.



« Nou pa vle pran okenn risk avèk ti pwoblèm miskilè Messi genyen an, M ap tann jiska dènye moman pou m konnen si l ap titilè, ou pa », deklarasyon antrenè ajanten an ki ap dirije ban ekip inter Miami an. Messi te bay de pas desizif nan demi final kont ekip Cincinnati a pou te pèmèt inter Miami ale nan seyans penal e li te transfòme penal li te choute a sa te fini 4-5 an favè inter Miami.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )