• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI Open Cup

U.S. Open Cup

Inter Miami konnen yon move gou nan final la



28 septanm 2023   Gamarck Antoine   1737

Inter Miami te jwe san Lionel Messi, Jordi Alba pa t prezan tou, mesye yo blese, Inter Miami pèdi final Koup Etazini US Open nan, ekip Houston Dynamo a bat 2-1.



Inter Miami te pran de gòl nan premye peryòd la, Griffin te mete yon chout ki te ale ak anpil pwisans nan 24èm minit se la tou ekip Houston Dynamo a te jwenn premye gòl li, dezyèm gòl la te fèt sou penal se Amine Bassi ki te choute l nan 33èm minit.




Josef Martinez te retire zewo a pou Inter Miami nan fen manche la, 90+2, n ap fè konnen Zinedine Zidane te nan estad la, li te vin sipòte ekip ansyen Koyekipye l David Beckham.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )