• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Primeira LigaSecunda LigaPortugal CupLòt Koze
AKÈY PÒTIGAL Lòt Koze

Lòt Koze

Al-Nassr pèdi plas lidè li a nan Saudi Professional League la

sous: GolAyiti/imaj

9 Mas 2023   Jacky Chéry   823

Al-Nassr ki gen ladan l atakan entènasyonal potigè a, Cristiano Ronaldo, tonbe jodi jedi a fas rival li, Al-Ittihad, ki genyen l (1-0) nan kad 22èm jounen chanpyona premye divizyon sawoudyen an.



Al-Nassr ki gen lontan depi l t ap mennen tèt klasman Saudi Professional League la, tonbe jodi jedi an (0-1), an deplasman, fas Al-Ittihad ki tou pran premye plas la nan men l avèk 47 pwen.



Avèk defèt sa, Cristiano Ronaldo ak koyekipye l yo pèdi yon bèl seri rezilta yo t ap mennen sou dènye match yo jwe yo ki te gen ladan l kat viktwa youn dèyè lòt.



Yon match foutbòl kote atakan pòtigè an ki deja make 8 fwa depi lè li rive nan chanpyona sawoudyen an, pa t anmezi pou amelyore estatistik li yo epi anpeche defèt sa ak Al-Nassr ki klase dezyèm pou kounya avèk 46 pwen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte