• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Primeira LigaSecunda LigaPortugal CupLòt Koze
AKÈY PÒTIGAL Lòt Koze

Lòt Koze

Cristiano Ronaldo anonse retrèt entènasyonal li. Èske Diogo Jota kapab ranplasan ideyal li

sous: GolAyiti/imaj

18 Oktòb 2020   Douly Bien-Aimé   1266

Deja yon lejand nan istwa foutbòl la, Cristiano Ronaldo anonse retrèt entènasyonal li apre koup di mond 2022 a nan peyi Kata. Meyè jwè Pòtigè nan istwa foutbòl la pat kache satisfaksyon l kote li te tou profite remèsye tout fanatik ki te toujou kwè nan seleksyon an malgre tout difikilte yo rankontre nan ane ki pase yo. Li tou profite voye yon mesaj byen fò pou tout sipòtè ak sipòtris ki toujou kwè nan progrè seleksyon an. Li deklare devan laprès : koup di mond 2022 a se pral dènye mondyal mwen ak peyi Pòtigal, se yon moman enpòtan nan karyè foutbòl tout jwè, nou pral pral travay anpil pou n bay Pòtigal twofe sa.



Pòtigal deja ap panse pou aprè Cristiano Ronaldo. Nan sans sa, laprès lokal ak entènasyonal deja twouve ranplasan ideyal CR7 nan seleksyon an ki se Joâo Felix, aktyèl jwè Atletico de Madrid la. Alòs, e si Diogo Jota se te ranplasan ideyal CR7?



Diogo José Teixeira da Silva ki genyen ti non gate l Jota fèt nan vil Porto jou ki te 4 desanm nan lane 1996 la. Manman l ki se Isabel Silva ak Papa l ki se Joaquim Silva te leve de timoun: Jota ak gran frè li André Silva. Depi tou piti Jota te gen yon lanmou pou foutbòl, konsa a laj de 9 lane li enskri nan coq de Gondomar yon ti klèb ki trouve l nan rejyon FC Porto a. Li devlope talan li, li enpresyone dirijan yo. Konsa, antrenè u17 li, Ruben Carvalho, deklare nan mikro SAPO Desporte : gen yon week-end, nou jwe de match a Candal, Jota kòmanse match la li make yon double. Nan dezyèm match la, li demare sou ban, li antre nan dezyèm mitan li make yon gòl. Se yon gran plezi pou mwen lèm wèl ap jwe.



Nan lane 2013, Diogo franchi yon lòt etap nan devlòpman profesyonèl li, li vin entegre yon klèb ki rekonèt anpil nan devlòpman jèn talan, Paços de Ferreira. Aprè tout bèl pèfòmans sa yo, li te rejwenn Atletico Madrid nan peyi Espay, san jwe, At. Madrid te deside prete Fc Porto li pou yon lane. A 19 lane, li pral fini meyè jwè chanpyona Pòtigal la. Li make premye gòl li nan ligue des champions pou Fc Porto fas a Leicester city nan yon laj viktwa 5 a 0 nan dat ki te 7 Desanm 2016 la.



Ane aprè a, malgre pale anpil, li riske karyè foutbòl li pou l rejwenn konpatriyòt li, zanmi li Ruben Neves nan Wolverhampton nan 2èm divizyon chanpyona anglè a, klèb antrene pa konpatriyòt li Nuno Espirito Santo. Ebyen, chwa sa te pote fri pou li paske Wolverhampton ta pral monte nan premye divizyon. Li se sèl jwè Pòtigè apre Cristiano Ronaldo ki arive enskri yon triple nan premye lig la e li tou devni premye jwè nan istwa ekip Wolves la ki make yon triple nan premye lig lan.



Sezon 2020/2021 li transfere nan ekip Liverpool la pou 45 millions d'euros. Nan katriyèm jounen faz de gwoup ligues des nations an, malgre absans CR7, Pòtigè yo te sòti byen gras ak gran Diogo Jota ki te enskri yon double e delivre yon pas desiziv pou Bernardo Silva pou te bat ekip Syèd la (3 : 0). Se yon jwè pou n siveye anpil nan ane k ap vini yo.



Kisa nou panse de jwè sa ki se Diogo Jota ?


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte