• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Primeira LigaSecunda LigaPortugal CupLòt Koze
AKÈY PÒTIGAL Lòt Koze

Lòt Koze

Sporting Portugal fè Cristiano Ronaldo sezi

sous: GolAyiti/imaj

06 dawou 2023   Benswilkenson Jean   3516

Klèb pòtigè a Sporting CP fè mond foutbòl la sezi nan okazyon 20èm anivèsè estad José Alvadade ki make tou 20 lane depi CR7 te jwe nan estad sa ak mayo Sporting CP an sou li.



Nan okazyon an direksyon klèb la deside sòti 3èm mayo yo a nan lonè jwè pòtigè a Cristiano Ronaldo. Yon mayo ki ase orijinal ki fèt ak koulè 5 fwa balon dò a te pote lè li t ap kòmanse karyè l anndan klèb la.



Sou pwatrin dwat mayo a, logo Cr7 la ranplase mak Nike a ki konn sou ekipman an.



Cristiano Ronaldo kòmanse karyè pwofesyonèl li nan klèb Sporting CP a nan lane 2002. Men se pa nan lane 2002 a pòtigè a antre nan klèb la.



Cristiano antre nan klèb la nan lane 1997 apre l fin kite sant fòmasyon yon lòt klèb ki rele CD Nacional. Depi lane 1997 la, Cristiano vin jwe premye match pwofesyonèl li nan lane 2002 ak klèb Sporting CP a lè li siyen premye kontra pwofesyonèl li.



Pòtigè a fè yon sèl sezon ak klè Sporting CP a, li jwe 31 match li make 5 gòl pou yo.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte