• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Liga NOSSegundaLigaPortugal CupLòt Koze
AKÈY PÒTIGAL Liga NOS

Liga NOS

Sporting Chanpyon Pòtigal apre 19 lane

sous: GolAyiti/imaj

11 Me 2021   Gamarck Antoine   1215

Sporting chanpyon peyi Pòtigal jodi madi 11 Me 2022 lè yo bat Boavista 1-0 lakay yo. Yon gòl ki make pa Paulinho ekip la pat janm ranpòte chanpyona pòtigal la depi 19 an.



Apre vikwa sa ekip Sorting lan pase a 82 pwen nan chanpyona pòtigal la e li vin genyen 8 pwen anplis FC Porto ki genyen 74 pwen, yon viktwa ki tou rann ekip la chanpyon a 2 jounen pou Chanpyona a fini.



Rete sèlman 180 minit pou sezon an fini nan peyi pòtigal, Sporting Clube Portugal te mete devwa l pwòp depi granm bonè ak 25 viktwa, 7 match nil 0 defèt. Sporting te parèt tou limen nan chanpyona a pandan sezon sa.



Dènye fwa tit la te ale nan vil Lisbonne se te nan ane 2002, premye tit yo depi anviwon 20 lane. Fanatik yo te reyini devan Alvalade depi avan match la pou te kòmanse  fete. 



Sa fè yon total 19 tit nan chanpyona Pòtigal la pou Sporting. Wouj lyon yo retounen byen wo nan peyi Pòtigal.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )