• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Champions League

Champions League

Karim Benzema pale sou kalifikasyon Real Madrid sou Manchester City

sous: GolAyiti/imaj

18 avril 2024   Benswilkenson Jean   15289

Ansyen atakan madrilèn lan Karim Benzema ki kounya ap jwe nan Saudi Pro Ligue la nan klèb Al Ittihad pale sou kalifikasyon ansyen ekip li sou Manchester City nan 1/4 final Champions League la.



Balon dò 2022 a ki te ap swiv match la poste sou sou Story SnapChat li " Se Madrid ki te anfas la" yon fason pou salye kalifikasyon jwè Ancelotti yo fas pwoteje Guadiola yo.



Dezyèm pi bon bitè klèb madrilèn lan (354 gòl) ki te prezan nan dènye tit Champions League Real Madrid la (2022) te jwe tou fas ekip Cityzens lan nan epòk la.



Entènasyonal fransè a ki genyen san madridista ki ap koule nan venn li pa kache kontantman l aprè kalifikasyon sa.


KÒMANTÈ

Diemson Mesilas / 19 avr 2024, 1:30 PM

Hala Madrid y nada mas?????????



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou