• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Euro

Euro 2024

Dànmak kalifye jis lè yo rive sou 8èm kritè UEFA pou depataje ekip yo, kisa 8 kritè sa yo ye?


26 jen 2024   Benswilkenson Jean   260

3èm jounen 17èm edisyon Euro a jwe jodi a nan gwoup C a.



Nan okazyon sa seleksyon danwaz la te rankontre ak Sèbi. Yon rankont ki fini 0-0 ant 2 ekip yo.



Match nil sila mete seleksyon Dànmak la ak 3 pwen nan klasman an. Se 3èm match nil li sou 3 match li jwe nan faz gwoup la.



Sloveni ki nan menm gwoup sa, rive a egalite ak ekip Dànmak la nan tout liy tankou:


-Menm kantite pwen (3 pwen yo chak).


-Konfwontasyon dirèk (1-1).


-Katon (6 katon jòn pou yo chak).


-Diferans gòl (0).


-Kantite gòl yo make(2).


-Menm kantite gòl yo make nan match yo jw.e ant yo (1).


-Diferans gòl nan match yo jwe nan Euro a ant yo.



Direksyon UEFA oblije al foure je l nan règ yo pou wè kòman yo ka depataje ekip Sloveni an ak Dànmak pou konnen kiyès ki ap benefisye kalifikasyon an.



UEFA oblije al pran 8èm reg nan kondisyon yo, pou vin ede l nan pataje ekip yo. Konsa règ sila a ki baze sou kalifikasyon nan Euro a bay Dànmak pwen sou Sloveni.



Dànmak te benefisye premye plas sou Sloveni. Malgre sa, se konfwotasyon dirèk ki te pèmèt Dànmak bat Sloveni 2-1 lakay Sloveni ki fè li bon sou seleksyon slovèn lan aprè yo te fè 1-1 nan match ale a.



Si 8èm règ la pa t mache UEFA t ap oblije al pran 9èm règ la ki se dènye a kote yo ta pral òganize yon seyans penalite ant 2 ekip yo.



Seleksyon dànwaz la ap rankontre ak Almay pou match 8èm final la. Kanta pou Slovani li ap tann jiska mèkredi pou li konn ak kiyès li ap jwe paske li kalifye tou. Se pral premye fwa yo pral jwe faz final nan listwa yo.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou