• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Euro

Euro 2024

Kowasi matematikman elimine nan Euro 2024


26 Jen 2024   Jacky Chéry   316

Ti kras lespwa Kowasi te genyen pou kalifye pou dezyèm tou Euro 2024 la bwè lwil jodi madi an aprè match nil Angletè fas Sloveni an.



Koyekipye Luka Modric ki te espere yon viktwa Angletè ak twa gòl diferans, pèdi tout posibilite pou ta jwe uityèmdefinal Euro 2024 la.



Avèk sèlman 2 pwen pandan twa match li jwe nan gwoup B an, seleksyon kowat la p ap ka fini pami 4 meyè twazyèm k ap kalifye pou uityèm definal konpetisyon an.



Sloveni ki te dwe pèdi fas Angletè, fè yon match nil ki tou elimine Kawo damye yo nan konpetisyon an. Avèk twa pwen, Slovèn yo nan bò pa yo poko konnen kote yo gad.



N ap raple, Kowasi kite file chans kalifikasyon li an ayè lendi an nan match fas Itali an kote l pran yon gòl nan uityèm minit tan adisyonèl, aprè l t ap mennen 1-0 depi byen bonè nan dezyèm mitan an.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou