• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Euro

Euro 2024

Yon pakou san fot pou seleksyon espanyòl la nan premye tou Euro 2024 la


24 Jen 2024   Jacky Chéry   295

Pou dènye match premye tou Euro 2024 la nan gwoup B an, seleksyon espanyòl la genyen Albani 1-0 gras ak atakan FC Barcelone lan, Ferran Torres.



Yon pakou san fot pou Roja a ki anrejistre twazyèm siksè li nan Euro a. Malgre chanjman ki te genyen nan onz lan, seleksyon espanyòl la konsève premye plas li nan gwoup B an.



Atakan FC Barcelone lan, Ferran Torres, ki te titilè nan atak la pou Roja a, enskri sèl grenn gòl la nan 13èm minit, nan yon match ki te sou kontwòl espanyòl yo depi kòmansman jis nan fen.



Ekip Luis De La Fuente an fini premye tou a ak 9 sou 9 san l pa pran menm yon grenn gòl. Yon pèfòmans ki konfime estati favori Espay pou Euro 2024 la.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou