• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Euro

Euro 2024

Yon ti kras lespwa toujou Kowasi ki plonje tou prè eliminasyon an


25 Jen 2024   Jacky Chéry   232

Yon rezilta chòk pou Kowasi ki rate opòtinite pou te kalifye ayè lendi an avèk match nil sa li fè fas Itali nan dènye jou gwoup B an.



Malgre gòl Luka Modric la nan 55èm minit jwèt la, seleksyon kowat la pa rive genyen nan Red Bull Arena a avèk egalizasyon Itali nan dènye minit adisyonèl yo gras ak Zaccagni (90+8’).



Malgre rezilta sa, Kawo damye yo poko di babay matematikman nan Euro 2024 la. Kowat yo ap kalifye pou uityèm definal si Angletè genyen Sloveni ak twa gòl diferans, epi defèt Jòji ak Slovaki.



Yon senaryo trè konplike, men ki pa enposib. Koyekipye Luka Modric yo ap konn sò yo jodi madi an pou konnen si y ap rantre lakay yo oubyen kontinye jwe konpetisyon an nan peyi Almay.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou