• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Saudi Pro LeagueArab CupAsian Champions LeagueSaudi CupLòt Koze
AKÈY AZI Asian Champions League

Asian Champions League

CR7 gentan reponn prezan pou Al Nassr nan lane 2024 la



16 fevriye 2024   Neuvième Junior   1023


Nan yon dyèl 100% sawoudyen nan kad 8èm final ale Lig Dè Chanpyon Azyatik la, Al Feiha ki okipe 14èm plas nan Saudi Professionnal League la te resevwa CR7 ak Al Nassr ki pran yon bon desizyon depi nan match ale a.



Avèk anpil difikilte, Al Nassr ki te fè deplasman rive fè viktwa (1-0) gras ak atakan Pòtigè a Cristiano Ronaldo ki deja lanse lane 2024 la. Sou yon pas ansyen jwè Inter Milan Marcelo Brozovic fè pou CR7 li rive make sèl gòl rankont lan nan 81èm minit pou bay avantaj lan ak jòn e ble yo anvan match retou a ki ap gen pou jwe 21 fevriye lakay Al Nassr.



Pou sezon an, Cristiano Ronaldo deja make 31 gòl pou 32 match li jwe ak bay 11 pas gòl nan tout konpetisyon yo. Pwochen randevou CR7 ak klèb sawoudyen an se demen samdi a nan Saudi pro League la.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou