• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Ronaldo Damus enskri inik gòl ki bay ekip li viktwa

sous: GolAyiti/imaj

30.jen 2024   Gamarck Antoine   246

Nan yon match ki konte pou 16èm jounen USL championship la ekip Colorado Spring Switchbacks la te resevwa ekip Monterey Bay FC a nan estad Weidner Field, Colorado bat 1-0 se Ronaldo Damus ki fè gòl la sou penal.



Ekip Colorado a te fè gòl nan 39èm minit aprè defansè ekip Monterey Bay la te fè yon fot sou Damus nan sifas la, Damus te choute penal la e bay avantaj ak ekip Colorado, aprè poze la ekip Monterey Bay la pa t chanje anyen nan eskò a ekip Colorado a pa t ajoute tou .



Se 8èm gòl Ronaldo Damus pou sezon an, li te kite match la nan 85èm minit , Duke Lacroix te jwe tout match la, Pierre Delentz te pase tout tan l sou ban, aprè viktwa sa ekip Colorado Spring Switchbacks la nan 5èm plas klasman lwès la ak 25 pwen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou