• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Fafa Picault bitè nan 22èm jounen MLS la

sous: GolAyiti/imaj

30 jen 2024   Gamarck Antoine   218

Ekip Whitecaps de Vancouver la te resevwa ekip St Louis City a samdi 29 jen 2024 la nan estad BC Place la, match la rantre nan lis 22èm jounen MLS la, Whitecaps bat 4-3 ,Fafa Picault fè gòl aprè l soti sou ban.



7 minit aprè kout siflè a ekip st Louis City a te ouvè eskò a, ekip st Louis City a te deja enskri dezyèm gòl li e mennen 2-0, ekip Whitecaps de Vancouver la te konte sou entènasyonal ameriken an White ki te san pitye pou st Louis City li te make nan 37, 54, 61èm minit, pou ekip la. Fafa Picault te rantre nan 63èm minit li te fè gòl nan 90èm minit. Ekip Vancouver a te fè 3èm gòl li nan 90+3 minit.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou