Se nan estad Segra Field ekip Loudon United la te resevwa ekip Tampa bay Rowdies la nan okazyon 17èm jounen chanpyona USL championship la, Loudon United bat 2-0, Christiano François bay yon pas desizif, Zachary Herivaux pa t pretezan pou Tampa.
Ekip Loudon United la te fè gòl nan 15èm minit,malgre ekip Tampa te pouse anpil li pa t rive chanje eskò a e Loudon te rantre nan vestyè a 1-0. Ap3re poz la ekip Loudon te kontinye konsève eskò a, entènasyonal ayisyen an Christiano François te rantre nan 88èm minit , li te bay Leggett yon pas nan 90èm minit pou kapab enskri gòl 2-0 ekip Loudon United la.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou