Nan okazyon 22èm jounen MLS la , Derrick Etienne ak ekip Toronto a te deplase pou al afwonte ekip Atlanta United la nan estad Mercedes-Benz Stadium , Toronto tonbe 2-1.
Nan match ki te mete Derrick Etienne fas ansyen ekip li Atlanta United, Atlanta te ouvè eskò a nan 45+2 li te tou rantre nan vestyè a ak avantaj eskò a. Vizitè yo pa t pran tan pou te egalize nan dezyèm peryòd la , aprè sèl 1 minit nan dezyèm peryòd la, 46èm minit match la, yo te deja egalize ak entènasyonal italyen Frederico Bernardeschi aprè Lorenzo Insigne te ba l yon pas.
Aprè anpil bagay ant de ekip yo ekip Atlanta United la te rive pran avantaj match la nan 90+7 minit 2-1 e sòti ak viktwa, se 6èm match Toronto depi l pa janm konnen viktwa se 4èm defèt li youn kole ak lòt, Derrick Etienne te jwe tout match la.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou