• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Ricardo Adé, kapitèn seleksyon nasyonal la pou Gold Cup 2023 a

sous: GolAyiti/imaj

24 Jen 2023   Jacky Chéry   2318

Gabriel Calderón Pelligrino chwazi Ricardo Adé kòm kapitèn seleksyon nasyonal la pou 17èm edisyon Gold Cup la ki demare jodi samdi 24 jen 2023 a nan peyi Etazini.



Avèk absans Johny Placide, se defansè ayisyen Liga Deportiva Universitaria de Quito a k ap gen privilèj pote brasa kapitèn lan pou seleksyon ayisyèn lan nan Gold Cup 2023 a.



Ricardo Adé ki te deja genyen tach sa nan edisyon 2021 Gold Cup la, kote Ayiti te elimine depi nan premye tou, jwenn privilèj sa yon lòt fwa ankò. Wilde Donald Guerrier vini aprè l kòm vis-kapitèn.



N ap raple, Grenadye yo ap rantre nan batay demen dimanch 25 jen an kont seleksyon Kata a ki jwenn yon dezyèm envitasyon bò kote Concacaf pou konpetisyon sa k ap jwe nan peyi Etazini ak Kanada.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou