• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Pwogramasyon medam ayisyèn yo pou tounwa amikal Pink Ladies Cup la



22 oktòb 2024   Benswilkenson Jean   113

Seleksyon ayisyèn kategori fanm lan nan plen preparasyon pou konpetisyon amikal Pink Ladies la ki ap fèt nan peyi Latiki ki ap kòmanse mèkredi 23 oktòb la.



Nan tounwa sa seleksyon fanm grenadye a ki tabli baz li nan peyi Latiki sou direksyon nouvo antrenè ekip la Malou Quignette.



Nan okazyon an medam yo ap gen pou twoke kòn yo ak 3 lòt seleksyon " Jòdani, Chin tayipeyi, Risi).



Pwoteje Malou Quignette yo ap antre nan batay mèkredi 23 oktòb la kont seleksyon Jòdani an nan lè midi (lè Ayiti).



Pou dezyèm match yo, medam grenadye yo pral kontrekare seleksyon Chin Tayipeyi a samdi 26 oktòb la nan lè 4è (lè Ayiti).



Kanta pou Risi, Ayiti ap genyen pou toke kòn avè l madi 29 oktòb la nan lè 6è (lè Ayiti).

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou