• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Champions League

Champions League

Ale Thiago Motta kite yon move gou nan bouch Rossoblù yo ki tonbe nan Ligue des Champions an

sous: GolAyiti/imaj

22 oktòb 2024   Neuvième Junior   155

Bologne te fè deplasman nan peyi Angletè kote yo te desann nan vil Birmingham. Tout sa, se te pou defye Aston Villa pandan 3èm jounen Lig Dè Chanpyon an. Rankont sa, se te okazyon pou nouvo manadjè Vincenzo Italiano a fè yon eksplwa ki pou te rete kòm yon referans pou li e sa t ap pèmèt li demare sezon Rossoblù yo. Men ale Thiago Motta sanble toujou ap domine moun citta rossa.



Aprè 8 jounen nan chanpyona, Bologne okipe 13èm plas chanpyona seri A. Poutan, sezon pase, se yo ki te domine 5èm plas chanpyona. Sezon sa, Rossoblù yo genyen yon sèl match nan seri A pou 6 match nil.



Jodia, nan deplasman italyen yo lakay anglè yo, Aston Villa kontinye make lespri tout moun ak yon 3èm viktwa youn kole ak lòt pou l okipe 1èm plas la pou moman an. Si Bologne te kòmanse kenbe, italyen yo te koule devan McGinn epi Duran ki te mete tèt yo an bon bitè pou mennen "Villans" yo. Viktwa (2-0) pou Unai Emery ak pwoteje l yo.



Bologne ki pa genyen menm foutbòl li te genyen sezon pase a malgre prezans ansyen antrenè Fiorentina nan tèt li vini nan 28èm plas la LDC an.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou