Aprè yon bèl sezon nan Premier League la, The villan's yo avèk antrenè espanyòl la Unaï Emery ap enpresyone ewòp la nan pi gwo konpetisyon kontinan an.
Apre yo fin bat youn nan gran non nan foutbòl ewopeyen an (Bayern Munich 1-0 ), The villan's yo kontinye pwouve bèl eksplwa yo.
Sou 3 match yo jwe deja, Aston Villa ak Unai Emery deja pran tèt klasman an ak 9 pwen sou 9 posib. Yo bay 6 gòl jiskaprezan yo poko pran okenn gòl.
Pami 4 klèb anglè ki reprezante Premier League la, Aston Villa se sèl klèb ki poko fè defèt aprè 3 jounen nan Champions League la. E se yo tou ki genyen plis pwen malgre prezans Manchester City, Liverpool ak Arsenal.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou