• Like us
  • Follow us
  • Follow us
La LigaSegundaCopa del ReyLòt Koze
AKÈY ESPAY La Liga

la Liga

Kiyès Joan Gamper ye? Poukisa FC Barcelone jwe pou twofe sa chak presezon?

sous: GolAyiti/imaj

13 dawout 2024   Benswilkenson Jean   638

Hans-Max Gamper se vrè non Joan Gamper ki se yon non yo ba li nan vil Catalòy nan peyi espay. Li fèt nan dat 22 novanm 1877 li mouri nan dat 30 jiyè 1930.



Joan Gamper se fondatè klèb FC Barcelone lan. Li te fonde l nan dat 29 novanm 1899. Walter Wid se premye prezidan klèb Barcelone lan konnen.



Pou ekip Barcelone lan, Joan Gamper pa t selman fonde klèb la men tou li te jwe ladan l sòti 1899 jiska 1903. Li te make 121 gòl pou ekip Blaugrana a.



Nan tèt ekip Barcelone lan, Joan Gamper prezidan klèb la pandan 5 fwa.


2 desanm 1908- 14 oktòb 1909


17 novanm 1910- 30 jen 1913


17 jen 1917- 19 jen 1919


17 jiyè 1921- 29 jiyè 1923


1ye jen 1924- 17 desanm 1925.



Twofe Joan Gamper a li menm pran nesans nan lane 1966. Anvan sa, nan lane 1966 pou rive 1996, yo te konn òganize l ak 4 ekip. Depi 1997 yo ògnize l selman ak 2 ekip.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou