• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premier LeagueChampionshipFA CupLòt Koze
AKÈY ANGLETÈ FA Cup

FA Cup

31 penalite nan yon match an Angletè

sous: GolAyiti/imaj

18 septanm 2024   Benswilkenson Jean   295

Ekip Fulham lan te an deplasman lakay ekip Preston lan nan kad 3èm jounen EFL Cup la nan peyi Angletè.



Match sila ki kreye yon sipriz aprè tan reglemantè yo ki te fini 1-1 ant 2 ekip yo.



Klèb Preston lan ki sòti nan dezyèm divizyon chanpyona Angletè a, mete do Fulham atè aprè 31 penalite ant 2 ekip yo.



T. Castagne ki aprè li fin make premye chout penalite pa li a pou ekip Fulham lan, malerezman ta pral rate dezyèm chout lan. Sa ki ta pral bay Preston viktwa l kont ekip Fulham lan ki sòti nan Premier League la.



Ekip Preston lan te choute 16 penalite (yon sèl ki pa gòl), pandan Fulham choute 15 (gen 2 ki pa gòl).

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou